Lengwistik
From Wikipedia
Nou ka defini lengwistik kòm etid de nati e strikti langaj imen (i.e. fason moun pale). Yon lengwist se yon moun ki etidie fenomèn sa yo.
Contents |
[edit] Kreyòl Peyi d Ayiti
Langaj kreyòl—ki baze premieman sou fransè ak pliziè lang Afriken, enfliyans pa lang endien yo, enpe panyòl ak anglè—kapab konklisivman defini kòm Ayisyen, nan sans de lang ki pale pa pèp Ayisyen-an [1]. Wi, variete kreyòl sa atribiye avèk kèlke lòt group ak nasyon avèk istwa similè ak pèp Ayisyen-an, men a fòs de popilasyon estime plis ke 8-milyon jounen jodi-a, majorite kreyolopal se Ayisyen oubyen desandan d Ayisyen.
Si nou defini mo Ayisyen-an kòm konstitisyon peyi d Ayiti-a fè l nan TIT II, Atik 11, kòm :
Nenpòt moun ke manman-l oubyen papa-l se natif natal Ayisyen, si manman-l oubien papa-l pat jamè denonsé nasyonalite yo, moun sa se Ayisyen depi lè l te fèt.
Definisyon sa nesesite ke gen Ayisyen ki pa pale kreyòl. Yon moun ka fèt nan nenpòt peyi epi satisfè demand konstitisyonèl sa.
Toutfwa, si nou limite definisyon sa a moun ki fèt an Ayiti (moun ke lonbrik yo plante nan peyi-a), ki gen omwen yon paran Ayisyen, proklamasyon-an kòrèk, ki di, « Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl », TIT 1, Chapit I, Atik 5(a) konstitisyon Ayisyen-an. Èske w jamè rankontre yon Ayisyen ki satisfè modifikasyon sa-a ki pat pale kreyòl ?
Malgre gran kantite moun ki palé kreyòl, resous ki disponib an kreyòl reyèlman limite. Yon rezon, majorite ekriven Ayisyen, istorikman palé, chwazi pou ekri nan lòt lang (e.g. fransè, anglè). Yon lòt rezon, edikasyon an kreyòl sèlman fèk a nivo primè an Ayiti. Yon rezon plis, enstitisyon Ayisyen yo an gran pati, chwazi pou yo fè biznis yo an fransè.
Gras a nouvo teknologi, kòm entènèt la, avèk efò pou kwaze teknoloji avek kreyòl [2], langaj kreyòl Ayisyen an kòmanse avanse pli lwen. Men yon faktè rèste egal, si Malis ak Bouki ekri yon menm fraz en kreyòl, li pap nesesèman vèbatim. Nou fè efò nan vèzyon kreyòl Ayisyen wiki-a pou nou ekri kreyòl nan yon fason ke gran majorite-a kapab li e konprann. Nou envite w pou ou fè kòrèksyon kòm ou wè yo nesesè.
[edit] Kreyòl la, Dekode
[edit] Baz ki bien etabli yo
Alfabèt kreyòl la konsiste pa venn-sis (26) lèt : sis (6) vwayèl, ak ven (20) konsòn. Tout vwayèl yo itilize pa tout Ayisyen ki ekri an kreyòl, men se pa tout moun ki itilize tout konsòn yo. Gen konsòn ki itilize senpleman nan yon sèl fason, genyen k' prèske pa itilize ditou.
[edit] q
Leksikografè kreyòl pa itilize disetièm lèt nan alfabèt la ditou. Tyeke nenpòt diksyonè, ou pap trouve oken mo liste ki kòmanse ak q, oubien yon mo ki gen yon q ladan. Son lèt sa efektivman ranplase pa k nan tout sitiasyon an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon langaj romans gen yon q ladan, kèk ekriven ka ekri l nan parantèz aprè kreyòl ekivalan.
[edit] h
Yon mo kreyòl ki soti nan fransè ki kòmanse ak yon h mièt, an kreyòl, kòmanse ak vwayèl ki swiv h la, osinon yon lòt konsòn. Pa gen h mièt an kreyòl. Pou rezon sa, h jeneralman pa yon antre nan yon diksyonè.
[edit] u
Similè ak h, an kreyòl, u pa kòmanse oken mo, eksepte pètèt si mo-a se yon transkripsyon kèt mo etranje. Kòm c toujou swiv pa yon h pou fòme yon konsòn konpoze (ch), konsa lè o swiv pa u li fòme son yon distenk vwayèl (ou).
[edit] c
Yo pa souvan itilize c endepandan an kreyòl. Si yon non pròp ki soti nan yon lòt langaj romans kòmanse a c, kèk ekriven ekri ekivalan mo-a en kreyòl, epi mete non an kòm li ekri nan lòt lang nan an parantèz. Lèt c toujou swiv pa yon h an kreyòl. Kèk mo : chapé, chanjman, chemen, chapo, chimè, chalimo, chich, chamo, cho, chat. Yon eksèpsyon konsiderab se senbòl CL. Nan chimi, reprezantasyon pou eleman klore, epi tou, nimero Romen 150.
[edit] x
Konsòn x la pa itilize ditou pa kèk ekriven. Son lèt sa souvan reprezante pa de (2) lòt konbinasyon ks ak gz. Majorite-a itilize Meksik olie de Mexik, leksik olie de lexik, egzanp pito exanp. Gade wè ke ks ak gz klèman divize mo sa yo an distenk silab. Menm ekriven sa yo t’ap chwazi ekspresyon sou expresyon. Malgre, pèsonèlman, mwen panse mo expresyon an se yon meyè mo. Li gen yon distenk son x la nan yon sèl silab, epi ekri kòm e[kspr]esyon, mo-a gonfle tròp konsòn ansanm. Pa gen okenn mo ki kòmanse a x an kreyòl.
[edit] w pou ou
An kreyòl, li jeneralman preferab ke youn pa gonfle ni vwayèl ni konsòn ansanm nan kreyasyon yon mo. Mwen meyè ke m[ou]en, oubien mouin. Lwen olie ke louen, swiv pito souiv.
[edit] en ak in
Obzève distenksyon ant en ak in. Kèk mo ki fini ak in : in, izin, zepin, latrin. Kèk mo ki fini ak en : en, pen, zen, lwen, pwen.
[edit] Lòt Obzèvasyon
Nan atik sa, se pa entansyon m pou mwen agi kòm yon gramèrien. Mwen pa gramèrien. Se pa pou di ke mwen gen anyen kont gramèrien ; aktièlman, nou bezwen tout kantite gramèrien kreyòl posib nou ka jwenn. Mwen se yon itilizatè langaj, patikilièman kreyòl. Tout lavi-m mwen pale kreyòl, e mwen eseye itilize tout resous ki ekri en kreyòl mwen trouve itil. Neanmwen, mwen pataje opinyon poèt Italien Aleksand Manzoni, ki di :
« Langaj dwe posede yon òganik [vivan] omogeneite derive pa lisaj, reflekte oken distenksyon ant langaj literè ak langaj oral ».
Ou sou wiki. Ekri kreyòl la menm jan ou-menm ou pale l ; plen moun ki prè pou modifie ak korije nenpòt atik ou soumèt. Malgre, la, mwen espere m touche sou kèk pwen ak obsèvasyon mwen fè sou lang kreyòl la nan joune pa-m, mwen trouve entèresan, ke m espere, ki petèt kapab pemèt ou pi fasilman exprimé w an kreyòl pa ekriti. Pa egzanp, distenk diferans nan pronon pèsonèl yo an kreyòl konpare ak fransè, plasman atik yo nan yon fraz, kèk nan aksan ki pi souvan itilize yo, etc.
[edit] Kontraksyon Atik ak Non
Leksikografè Ayisyen souvan liste kèlke mo de (2) fwa. Pa egzanp, ou ka trouve mo lavi, ak vi nan menm diksyonè-a. Ki fè, yon fraz tankou fraz swivan :
Lavi ak lamò depand sou sa w kite bouch ou pale.
Ka regade kòm yon fraz ekri san atik, oubien ki kontrakte atik yo ak non yo (nan ka sa, atik la ak non vi e mò). Sa pa nesesèman yon prensip jeneral. Pa egzanp, konsidere de (2) fraz sa yo :
(1) Kisa w fè premieman lè w leve le maten ? (2) Kisa w fè premieman lè w leve lematen ? (ra)
Pa gen okenn enfraksyon nan enfòmasyon ki kominike la, men fraz nimero (1) pi souvan ekri.
[edit] Plasman Atik yo
An kreyòl, yon atik ka presede oubien swiv non li modifie-a, selon si fraz la fè sans oralman. Konsidere,
(1) Kanaval la bien pase ane-a, san dega, san traka. (2) La kanaval bien pase ane-a, san dega, san traka.
Fraz nimero (1) enfòm en kreyòl. Nimero (2), kontrèman, pa vrèman fè sans. Kote ke, fraz
(1) La Bib di, « renmen vrazen w yo kòm pròp tèt ou », ak (2) Bib la di, « renmen vrazen w yo kòm pròp tèt ou »,
Tou de fè bon sans an kreyòl.
[edit] Kreyol tou patou
Atik sa se yon agiman kont tradisyon antikreyolis ke plizye pseudo-intelektyel komokyel ayisyen adopte-- yon fenomen ki aparamman gen sous lan devalorizasyon egzistansyel ak kiltirel baze sou prejidis kolonyal.''''
An nou invalide agiman antikreyolis la!!!!! Nan sek tradisyonel intelektyel ayisyen an, gen yon pretansyon lingwistik ki ta vle fe nou asepte ke kreyol la pa sofistike ase pou eksprime ide abtre nan egzesis "kognitif" yo; komsi fakilte intelektyel yon ayisyen pedi yon pousantaj sibstansyel nan "*kapasite ontolojik" li, ke yo konsidere, falasyezman dapre mwen, kom yon kondisyon ki inerant nan nati lang kreyol la. moun ki asepte pozisyon sa gen tandans lonje dwet sou limitasyon aktyel lang kreyol nan abilite pou eksprime "tem konvansyonel syentifik ak filozofik yo". pou ki sa mwen pa dako ak pozisyon sa? se pa paske mwen se yon kiltiralis kap batay pou montre vale eleman kiltirel ke sikonstans nesans mwen atribiye a ekzistans mwen; sa ka yon *motivasyon inkonsyant, men baz agiman mwen kont pozisyon ankreyolis se yon baz analitik: moun ki konsevwa kreyol nou an kom yon lang ki gen yon ti kal "fenet ontolojik" fe ere, paske yo aparamman panse ke tout "limitasyon aktyel" se neseseman yon "limitasyon inerant", ki pa vre di tou. ki diferans ki genyen ant yon "limitasyon aktyel" ak yon "limitasyon inerant"? diferans ki genyen ant de kondisyon sa yo, seke yon "limitasyon aktyel" pa neseseman inerant paske li ka "sikonstansyel" tou. par egzanp, "limitasyon aktyel" yon makak nan konpitasyon aritmetik prime se yon kondisyon inerant( rejyon nan fontenn sevel tet ki rele " neo-cortex" la pa devlope ase nan makak pou pemet li elabore ide abstre ki se operasyon aritmetik sa yo: adisyon, soustraksyon, divizyon ak miltiplikasyon; tandiske limitasyon yon moun ki iletre nan operasyon aritmetik yo se yon kondisyon sikonstansyel. setadi si moun iletre sa te leve nan environman ki te ganranti li omwen yon edikasyon prime, li tap koNpetan nan abilite pou efektye operasyon aritmetik asime ke moun sa se yon moun nomal( li pa kokobe mantal tankou par egzanp yon boulouloum).
Ki sa analoji sa gen pou li we ak tez ke nap diskite ya? menm jan moun ki iletre ya gen yon limitasyon sikonstansyel nan abilite pou efektye operasyon aritmetik_ kwake li toujou gen potensyalite pou li vini konpetan nan egzesis kognitif sa, yon eventyalite ki depann sou eleman ak resous ki implimente nan pwoses aprentisaj moun sa_ limitasyon aktyel lang kreyol la nan eksprime ide abstre filozofik ou syentifik se yon kondisyon sikonstansyel_ sikonstansyel paske nou pa selman neglije pwodiksyon intelektyel nan lang la, nou dekouraje li. yon fenomen ki reprezante yon "sek visye" kote efe ya ( limitasyon ke nou obzeve nan abilite kreyol pou eksprime ide abstre konpleks yo) konfondi pou koz la ( kondisyon akiz la konfondi pou kom koz esansyel la).
kritik antikreyolis yo, pa selman konfonn fakte kozatif limitasyon aparant ke nou obseve nan abilite lang kreyol la pou eksprime ide abstre yo, men yo pa arive reyalize ke lang kreyol la se yon sentez lingwistik, yon sentez ki marye "erop ak afrik"; yon rezilta ki pemet kreyol nou'an abzobe konsep etno-kiltirel mond afriken yan ak mond eropeyen yan. nan konteks sa, kreyol la pap gen yon ti kal "fenet ontolonjik" kom antikreyolis yo falasyezman asime, men plito yon gwo "fenet ontolojik" ki an prinsip ta dwe depase fenet ontolojik respektiv mond konstitiyan yo, afrik ak erop. en konklizyon, se pa ke lang kreyol la pa sofistike ase pou eksprime ide abtre yo, men paske nou tradisyonelman dekouraje, penalize ak ridikilize tout atanta moun ki ta vle devlepe indepandans intelektyel yo nan lang kreyol la. _________________